Projè Osjosma


Yon òfelina nan peyi d’Ayiti
Orphelinat Saint-Joseph Ouvrier de Saint-Michel de l’Attalaye


Nan ki zòn Ayiti ye?

Ayiti trouve’l nan Amerik santral, sou yon il ke yo te rele Ispanyola. Se te kristòf kolon ki te ba li non sa, lè li te debake nan peyi sa le 6 desanm 1492 pandan li t’ap dekouvri Amerik. il sa vin separe an de. Li genyen repiblik d’Ayiti avèk repiblik Dominikèn. Pòtoprens se Kapital peyi d’Ayiti. Peyi sa gen plis pase 9 milyon moun k’ap viv ladan l’. pi fò nan yo se moun nwa. Yo  soti nan peyi l’Afrik ke kolon yo te Mennen vin travay latè tankou esklav.

Ayiti se peyi ki pi pòv nan kontinan Ameriken an.  Gen kalte moun ki pa manje plis pase yon sèl fwa chak jou. Kèk fwa yo jwenn yon ti vwann nan sa y’ap manje. Gen anpil timoun ki pa ka ale lekòl, paske granmoun yo pa ka peye pou yo. Pa gen lekòl gratis nan peyi sa. Se menm bagay la tou pou ale lopital. Se poutèt sa anpil moun, sitou pou timoun yo ap mouri anba yon pakèt vye maladi ki pa menm difisil pou geri. Ebyen nou kabab konprann ke gen anpil timoun ki pa gen ni manman ni papa, e fòk yo pran swen tèt yo menm si yo pa gen laj pou sa. Nou vle pran ka timoun sa yo pou nou ede yo genyen yon lòt avni.

Kijan projè nou an fè fèt?
Nan lane 1993 Frans ansanm ak Rien ki sot Opglabbeek te adopte de timoun an ayiti. Yo te gen 5 timoun an tou. sete Bert, Anne ak Pieter vrè pitit yo. Lè sa Koen te gen 5 an, Sofie 2 zan. An Ayiti yo  gen menm manman ak  papa. Moun sa yo vivan toujou. Koen ak Sofie sete de timoun abandone. Manman yo ak papa yo te espere ke yo t’ap jwenn plis chans nan fanmiy ki te adopte yo a.                                                           

Nan l’ane 2001 Frans ak Koen te fè yon vwayaj pou yo te ka jwenn tras paran yo. Bert te ansanm avèk yo tou. Yo te rive jwenn ni manman ni papa Koen ak Sofie. Sete menm lè sa yo te rancontre avèk Olès Etienne ki te mande Frans yo èd pou ti pèp pòv sa. Frans te chwazi fè yon bagay pou anpil timoun ki san manman san papa, k’ap trennen toutan nan lari a.
Piti piti, yo te konmanse bati yon òfelina. Pou nou te kapab jwenn lajan nou gen beswen, Frans te jwenn èd plizyè kote. Plis pase 10 lekòl te òganize yonn ou plizyè aktivite nan tan lavan oubyen karèm. Timoun ki t’ap prepare premye kominyon te fè yon ti ekonomi sou bidjè fèt yo. Katekimèn t’al chante, plizyè dizèn asosyasyon avèk kat pawas te òganize yo pou nou rive fè sa. Kòb yo te bay jou Nicolas, Sanne ak Salomé te fèt yo te fè OSJOSMA kado l’. Yo te oblije pa bay kado nan gro fèt yo tou. avèk plizyè lòt moun ki te bay kòb san reflechi.

Nan ki sitiyasyon òfelina a ye Jodi a?
10 desanm 2006. Premye timoun yo t’al abite nan òfelina a. 5 timoun te vini aprè. Kounye a (an septanm 2009) vin gen 20 timoun (13 tigason ak 7 tifi) k’ap viv anndan. E nou gen pou nou resevwa 5 nouvo timoun.
 Kay la gen pou’l vin pi gran. Anba gen yon salamanje. Yon pyès pou timoun yo jwe. Yon sal pou edikatè yo. E de lòt pyès pou lòt bagay (stoke jwèt ak lòt bagay pou timoun yo). Anlè a genyen yon gran sal de nwi, de chanm pou dòmi ak yon lòt chanm pou edikatè yo. Chak etaj yo gen yon galri, yon chanm ouvè menm jan ak konstriksyon lakay. Pa dèyè genyen lakisin nan, avèk douch WC ki byen bare. Anplis genyen sou tèt douch yo de chanm kay avèk yon ti douch. Gen yon nan chanm yo se pou si gen yon timoun ki malad pou li repose. Lòt la ap sèvi pou resevwa yon visitè. Pou pi fasil nou rele pati sa kay akèy. Nou gen projè pou nou gen yon kote pou nou resevwa fanmi timoun yo ki soti byen lwen a pye oubyen sou bourik, ki vin visite timoum yon nan òfelina avan yo retounen lakay yo. Nan moman sa y’ap ka pase yon nwit. Nan fason sa nou espere ke timoun yo ap jwenn anpil visit, konsa yon pap bliye nan ki fanmi yo te soti.
 Pi ba gen yon remiz avèk yon chanm pou geran lakou a : moun nan k’ap siveye teren an e ki kapab fè tout bagay. Tout espas yo anlè tankou anba gen fòm karo, e déjà genyen kèk mèb. A kote kay la genyen yon pi ki bay dlo pou fè netrayaj ak manje. Dlo pou bwè a menm nou achte li tou pre a.
Se gras a Rotary club staelen de gente  ki fè nou gen kouran avèk pano solèy.( yon frigidè, frisè). Rotary club de maaseik te bay lajan pou dezyèm machin( tap-tap). Sete “Opglabbeek voor Haiti” ki te fè yon resèt pou nou te ka jwenn premye tap-tap la.

Ki avni òfelina a?

Nou gen objektif pou nou pran 40 timoun. N’ap fè sa tou piti, paske nou fenk kòmanse, epi, edikatè yo tou dwe gen anpil eksperyans. Òfelina sa ta dwe yon lè granmoun tèt li san li pa depann de soutyen pèsòn. Se poutèt sa, gen anpil gwo envestisman enpòtan ki dwe fèt. Tankou:
- achte plis tè pou plante (legim, mayi, pitimi, avèk fwi.)
- Jere yon gran espas pou nou gen yon poulaye, yon pak pou gade kochon, kabrit, (pati sa gentan la depi an septanm 2007.
- fouye yon pi jouskaske nou jwenn bon dlo.
- yon antrepriz ki gen 3 ou 4 machin (tap-tap) ki kapab pèmèt nou jwenn mwayen pou nou bay kèk moun travay, men sitou antre benefis yo, lè sa òfelina p’ap beswen don. (se sa ki pi enpòtan).
De tout fason fòk gen kèk ti envestisman pou : met mèb pou 25 timoun k’ap viv nan premye kay la. Yon dezyèm kay avèk plisyè chanm pou 15 timoun ki pi gran yo. Yon lòt kay kòrèk pou direktè a. fini ak douch yo. E ajoute plis bagay nan lakisin nan. Tout bagay sa yo ap mennen nan bon chemen avèk Olès ki se direktè ekip la.

Ki enpak tranbleman de tè 12 Janvye 2010 la te fè sou projè yo?
Aprè tranbleman de tè 12 Janvye a, tout peyi nan lemon te mete yo ansanm pou yo patisipe nan rekonstriksyon peyi d’Ayiti. Projè OSJOSMA pa t’ gen problèm lè tranbleman an te pase a. Nan premye semèn nan, nou te resevwa plisyè dizèn moun kite pran Chòk, te gen ladan yo ki te blese.
Epi tou premye kontak avèk travay sè Marie-veronique lan te byen pase. Sè marie-veronique se yon sè ki granmoun anpil, k’ap dirije depi byen lontan “l’oeuvre notre Dame des Victoires” nan ri Jhon Brown, nan mitan pòtoprens. Li resevwa timoun piti ki abandone. Kisa li fè pou timoun piti sa yo? li chèche yon mwayen pou fè adopte yo. Piske li pa ka rive fè adopte tout timoun yo; se poutèt sa li genyen kalte timoun ki pa genyen menm laj. Soti nan ti bebe, rive nan tigason ak tifi ki laj timoun lekòl primè. Kay sè a te preske kraze, mi yo fann. Ti lekòl la te kraze nèt, epi gran kay kote timoun yo dòmi an pa bon menm.

Ki projè konkrè nou gen kounye a?
Nou rasanble yon bon ti kòb pou projè nou yo. nou pral itilize kòb sa korèkteman epi byen kalkile yon fason pou nou ka rive fè sa yo :
- nouvo kay 15 chanm nan, epi yon apatman pou OSJOSMA
-Pouse projè antre kòb pou OSJOSMA (tè pou plante, machin (tap-tap)).
-Refè kay pou l’ONDV (l’Oeuvre Notre Dame des Victoires)
-Reparasyon krèch la (kay timoun yo) pou l’ONDV
-Yon sipò pou toutan pou moun ki responsab ankadreman l’ONDV.