Skip directly to content
  • 14 11 2022

    26 10 2022 What’s App Olès

    Pliske pwoblèm peyi-a toujou pa amelyore pou bank yo fonksyone. Mwen toujou gen dèt pou mwa out ak septanm pou Maçon ak William. Maçon pa gen mwayen pou pretem ankò paske aktivitel bloke. Li paka chèche materyo, ni vann. Mw panse yon bagay wa dim saw panse.Mwen tap prete nan kòb kont FONKOZE a. Epi mw tap toujou kite montan dèt la nan montan nou gen nan Unibank.

    21 10 2022 What’s App Olès

    Nou te kòmanse plante di ri ak pwa kongo premye semèn mwa Out. Jaden-an pwal gen 3 mwa. Nou poko ka kòmanse sakle koz twòp lapli sa fè anpil pwa mouri. Fòk nou ta jwenn 8 jou San lapli pou nou ta kòmanse ak saklaj.

    18 10 2022 What’s App Olès

    Mwen fè yon ti reyinyon ak mesye dam Gonayiv yo. Malgre mw te deja enfòme yo de pwoblèm lan. Yo kanmenm tris. Daprè jan yo pale, yo tout gen dout pou admi nan 2ème ane. Se sak fè yo panse si tout fwa yo pa ta admi. Kòm konjonkti peyi-a koz ouvèti lekòl la bloke.Yo di yap priye pou bondye ta fèw jwenn kichòy nan rechèch kap yo.

    11 10 2022 What’s App Olès

    Finalman mwen te jwenn chans lekòl Frito a te asèpte pran Mayson pou nou. Konsa yo 3 ap nan menm lekòl.

  • 10 10 2022

    10 10 2022 Entretien téléphonique avec Olès

    • Tout moun anfòm. Tout moun toujou nan vakans akoz pwoblèm k'ap ronje peyi a. Lekòl ta sipoze reprann nan mwa septanm nan. Pwoblèm te vin koz yo ranvwaye li pou 3 oktòb, apre se pou 10 oktòb, men jodia, pa gen yon grenn lekòl ki ouvri pòt yo. Lekòl pwofesyonèl yo te ouvri pou yon ti tan men kounye a yo tout fèmen.  
    • Olès t'al lopital. li te santi doulè yo li te gen nan kou a akoz de maladi atroz la. sou sa ankò maladi tensyon an. Li vin santi li pasab depi lè l'ap suiv nouvo trètman yo. Egzamen Pwostat la montre ke li pa gen anyen ki grav, byen si li pa gen kansè ni lòt maladi.
    • Ricardo pa pridan ditou : li fè anpil foto kote li toutouni. kounye a, l'ap sibi presyon chantaj. Olès pa gen lòt solisyon ke mete li deyò nan òfelina a. nan mwa k'ap vini la l'ap gen 19 ane.
    • Peyi a vin tonbe anba gwo difikilte. Li te deja bloke nèt depi plis ke yon mwa. chak fwa yon moun bezwen soti se plis samdi ak dimanch pou w'al regle sa yo gen bezwen. Pri tout bagay kontinye ap monte tèt nèg. Gouvènman an mande èd peyi etranje men sa vin fè gen plis vyolans. 1 galon gaz (3,8 lit) koute pi ba pri nan Sen Michèl ke Pòtoprens (1,11 ewo sou chak lit kont 1,79) paske kamyon sitèn yo konn vann sou zòn fwontyè a. Yon pakè spageti ap vann kounye a 1.250 goud (9,75 ewo) olye de 200 goud (1,70 ewo) sa gen sèlman yon mwa. Se sèlman zaboka ak mango ki bon mache paske pa gen posiblite pou yo transpòte yo nan mache lavil yo. Moun ap mouri grangou nan bouk la. 
    • Tout etidyan Gonayiv yo vin Sen Michel. Yon vwayaj pou ale Gonayiv koute twa fwa plis ke jan li te ye. Etidyan yo poko jwenn rezilta yo. Robenson li menm pa t' menn gen chans prezante nan egzamen. Etid yo a ap dire 4 ane men yo p'ap ka kontinye akoz sitiyasyon grav peyi a epi tou sitiyasyon bidjè nou an. Olès pral diskite ak yo sou sa ki rezève pou avni yo. 
    • Nan bouk la, tanzantan yo mete barikad sou rout la. sèlman nan ri kote nou ye a, w'ap jwenn menm twa barikad avan ou rive nan bouk la.
    • Jaden an, an bon eta. semèn k'ap vini la n'ap sakle pou yon premye fwa. Pliske gen barikad, travayè yo dwe fè rout dekoupe pou yo rive nan jaden nou an.
    • Premye travay sou renovasyon kay Sen Jozèf yo fini. Rete sèlman krepi randi anba dal la. N'ap tann toujou pou atè a, paske se toujou enposib pou transpòte materyo. Epi sa ki pi rèd, Olès pa gen aksè pou jwenn lajan. Tout bank yo fèmen depi twa mwa san konte danje ki genyen nan deplasman yo. Olès ap prete lajan pandan l'ap rann kont sou kantite kòb ki disponib labank lan.
    • Tout bèf yo anfòm. genyen kont manje. Yonn nan bèf yo plenn depi de mwa. Olès ta renmen achte kochon men nou pa genyen mwayen pou kounye a. 
    • Jèn timoun yo anfòm. Mayson te gen kèk ti pwoblèm pou li adapte li, men kounye a, tout bagay anfòm. Junior ak Mayson kontan pou premye parenn ak marenn yo genyen.       
    • Pliske lekòl la fèmen pou yon bon bout tan, edikatè yo mete men nan pat la. Edikatè Junior ak edikatè an chèf Yanskian travay de jou pa semèn avèk Jèn yo epi twa jou avèk lòt timoun yo.  
    • Pou elektrisite ak dlo trete a : tout bagay OK. Nan semèn ki sot pase la nou te chanje filtè yo nan enstalasyon dlo trete a. 
    • Nou pa janm gen nouvèl sou Jeandelet depi lontan. Dènye fwa li te telefone Olès la, li te pwomèt l'ap vini nan kèk jou aprè, men sa pa t' mache. Jeandelet lakay fanmiy li nan Pòtoprens depi nan kòmansman gran vakans lan. Rout ki mennen antre soti nan nò ak nan sid la konplètman bloke.
  • 10 10 2022

    07 10 2022 What’s App Olès

    Mwen te gen chans antre potopwens samdi a. Nan menm jou a mwen te tou pwofite antre Senmichel paske yo toujou bay wiken yo. Fòk mw diw sitiyasyon politik peyi-a pa bon menm. Se tout peyi-a ki gen gwo manif ak anpil vyolans. Si premye minis lan pa demisyone jodi-a . Bagay yo ka pimal jodi-a ak jou kap vini la yo.

    17 09 2022 What’s App Olès

    Wi ap gen nouvo moun ki pwal dirije peyi-a. Paske batay sa sanble ak batay pou nou te voye Jean-Claude Duvalier ale. Fòk nou priye tou pou òfelina yo ak pa nou tou. Nan moman sa yo toujou gen moun mal entansyone ki konn vle atake Òfelina. Tankou yon Òfelina nan Opoto zòn Gonayiv se ranfò yap mande pou lapolis vin ba yo sekirite nan moman paske li komanse jwenn menas. Poko gen gwo pwoblèm nan Senmichel. Se mache a sèlman yo anpeche fonksyone. Nap priye.

    16 09 2022 What’s App Olès

    Ayiti pwoblèm yo rèd. Peyi-a lòk ankò. Gen plizyè anbasad ki fémen pòt.Plizyè konpayi ayeryèn sispann vòl. Peyi-a an boulvès. Manifestan yo ap kraze  yap piye yap bwile Menm kèk bank pa epanye. Yo di yo pap kanpe toutan premye minis lan pa kite pouvwa.

    05 09 2022 What’s App Olès

    Map enfòme nou. Depi apre operasyon pou pwostat la 12 mwa apre te gen ti pwoblèm. Medsen potopwens yo te di se pa grav. Men plis pase 3 zan se menm pwoblèm. Doktè potopwens te wè fòk mw re opere. Mw te vini potopwens samdi-a, men peyi-a tèlman pa bon. Moun pa ka sikile. William te konseyem vini Sendomeng konsa maten-an jodi-a nou vini. Demen dye vle nap komanse wè doktè. Fòk mw di nou tou se tout peyi-a ki gen leve kanpe. Samedi mw te kite Senmichel se ak anpil difikilte pou nou te rive potopwens. Depi  zòn gadsizyèm yo te bloke wout la se apre plis pase 1 è tan yo bay sèl nou menm ki tapwle potopwens pase. Tout machin okap te oblije retounen. Depi vandredi pa gen mache nan Senmichel ni jodi lendi-a tou. Tout bagay bloke.

  • 29 08 2022

    29 08 2022 Dyalòg nan telefòn avèk Olès

    • Tout bagay anfòm ni pou timoun ni pou granmoun.
    • Sitiyasyon an, an Ayiti toujou rete grav. Prenye minis lan pa vle kite plas li a epi li pa menm swete tou otorize pou yo fè eleksyon. Aristide li menm li deyò sou kou prepare yo akoz opozisyon an, men tou paske tout patizan li yo dekonseye li sou tout aktivite politik. Toutotan gwoup bandi yo ap fè aktyalite pa gen okenn solisyon ki posib. Epi tou avèk entèvansyon lapolis yo, deblozay ak bandi yo vin gaye nan peyi a. Olès pa pran chans ale labank. Anplis, santiman fache kont labank yo ap grandi paske yo panse se yo menm ki bloke lajan an.
    • Etidyan Gonayiv yo ap depoze dènye travay yo 8 septanm epi w’ap tou fini ane akademik yo, sèlman Robenson ki p’ap ka prezante egzamen li yo akoz li gen repriz.
    • Pandan tan sa, se konfime ke etidyan yo p’ap resevwa yon atestasyon apre premye ane sa. Y’ap ka jwenn yon sètifika apre dezyèm ane a epi yon diplòm apre katriyèm ane a ki se dènye ane lekòl la. Malerezman nou pa gen mwayen pou sa. Olès pral kanmenm pran enfòmasyon pou li konnen konbyen dezyèm ane a ap koute. Daprè li menm l’ap yon ti kras gen plis avantaj ke premye ane a. Nou menm bò kote pa nou n’ap chèche èd bò kote sponnsò nou yo pou nou kapab peye pou pi piti yon ane anplis.
    • Nou te jwenn anpil difikilte pou jaden an : nan yon premye tan, lapli a te vini bon jan twò ta; asuit li te tonbe fò. Nan mwa jiyè a, nou te benefisye kanmenm 20 jou kòrèk. Nou te pwofite pou tou plante. Pou kounye a, lapli rekòmanse tonbe men se twòp. Nou espere byen vit ke lapli a sispann tonbe yon fason pou diri ak pwa kongo yo pa fin inonde.
    • Nan sa ki konsène renovasyon kay Sen Jozèf la, men sa ki gentan fèt :
    • Yon kouch beton pou pwoteje kote ki koule nan pati devan an sou dal la.
    • Pati dèyè a koule an dal beton, menm jan tankou pati devan an.
    •  Y’ap travay sou mi deyò yo. Apre demen, se dènye kout touch la.
    • Nou te lwe planch pou nou fè echafo.
    • Reparasyon ak ranplasman pòt yo poko fèt. Lajan an labank la toujou.
    • Kòmand mazayik yo gentan fèt men yo poko bay yo. Vandè a poko ka antre Pòtoprens akoz ensekirite a.
    • Pou fini, 20 septanm, Olès ap fè yon estimasyon sou tout sa ki manke yo. Pou byen di, tout pri yo vin monte byen wo se sa ki fè yo pa koresponn ak devi yo.
    • Pou kounye a nou genyen sèt bèf, gen yonn nan femèl bèf yo ki plenn. Gwo towo bèf la te mouri men sa ki jèn yo, ap ka itilize pou kwaze epi fè pitit ane k’ap vini la.
    • Nan mwa oktòb sa n’ap achte 100 poul pou nou gade.
    • De nouvo timoun yo rele Junior Micanord (21/08/2016) ak Mayson Delanoit (16/10/2015). Nan kòmansman, Mayson t’ap soufri akoz mal k’ap fèt nan peyi a, men kounye a tout bagay anfòm. Junior ap ka ale nan menm lekòl avèk Frito. Pou Mayson, pa gen plas ankò, sèlman nan lekòl aprè midi. Olès ap eseye kanmenm jwenn yon lòt lekòl pou li.
    • Nou prè pou nou resevwa ankò plis timoun, men jous kounye a, se timoun ki genyen twòp laj ak timoun ki twò piti k’ap pwopoze.
    • Frans ap resevwa nan jou k’ap vini la yo lèt ak desen ki pou marenn parenn yo.
  • 29 08 2022

    20 08 2022 What’s App Olès

    Jis kounya Maçon poko ka livrem seramik yo. Okap yo twò chè se 3000 goud pou yon mèt kare. E nou gen 160 m2 a 1000 goud. Se potopwens li gen kontak ak yon magazen lap jwenn li a 1750 goud m2. Men se lendi yap disponib nan magazen-an.

    16 08 2022 What’s App Olès

    Gwo pòtay antre-a te fini. Sa te prezante yon danje. Mwen te fè bòs Tido vin reparel pou nou an atandan gen mwayen pou ranplasel.

    15 08 2022 What’s App Olès

    Nou te fin plante pwa kongo ak di ridepi 22 jou. Nou pat janm jwenn lapli. Se yè nou resi jwenn yon bèl lapli.

    13 08 2022 What’s App Olès

    Bos Jean tou bay 3 nan mesye yo djòb. Se Wilner, Ronald ak Timanno.

    12 08 2022 What’s App Olès

    Bos Jean ap avanse. Li prèske fini ak krepi randi premye pati-a. Lendi dye vle bos Raymond ap voye fé chafo pou pati anlè-a. Jiskounya Maçon poko chèche kalaj yo koz ensekirite a. Nap tann toujou. Janm te di, pri tout bagay vin pi chè nan peyi-a. Nou pat refè devi yo, nap travay la. Map fè siyen tout depans yo. Se sèten nap gen dèt. Bos Jean tou fè travay beton nan anlè dal Senjozèf.

    11 08 2022 What’s App Olès

    Rezilta 9ème yo poko afiche pou nou konnen si Ferlandine ak Ricardo bon. Men sa nou konnen ekòl mè yo gen yon sèl elèv ki pa bon. Nou pa kwè se Ferlandine li ta ye.

    08 08 2022 What’s App Olès

    Bòs Jean ap travay li gen ak li plizyè ouvriye.

    04 08 2022 What’s App Olès

    Mwen te nan bank yè. Pou chèche lajan out ak pou ekol pwofesyonel mesye yo. Yo limite kantite yon moun ka fè retrè. Mw tap ale nan yon lòt bank. Erezman mwen pat gentan twop avanse. Paske te gen anpil tire nan zòn lan. Konsa nou te retounen lakay. Map prete nan kòb fonksyonman poum peye mwatye pou yo chak.

    30 07 2022 What’s App Olès

    Nou gen kek jou lapli-a pa tonbe. Yo tentan laboure yon pati nan tè a. Konsa nou pwofite èsel poum plante lendi dye vle. Nap plante di ri ak pwa kongo.

    27 07 2022 What’s App Olès

    Nou kòmanse gen sab pou nou kòmanse. Te gen yon pwoblèm siman. Se demen dye vle Maçon ap livre nou siman. Pri pou yon sak siman se 1150 goud.

    20 07 2022 What’s App Olès

    Nou nan faz enskripsyon kounya. Aprè map konnen frè ekolaj yo pou ane a.

    17 07 2022 What’s App Olès

    Finalman Josué chwazi informatique bureautique. Se fotograf li te pi vle. Se Gonayiv li tap pranl. Li tap dire 13 mwa li tap preske koute 100 000 goud. Konsa li fè chwa enfòmatik la. Deluxon tou chwazi enfòmatik. Ronald, Osnel  Wilner ak Ricardo chwazi Carrelage.

    13 07 2022 What’s App Olès

    Sitiyasyon politik peyi-a pa bon menm. Li pimal nan dènye jou yo. Delma tout moun rete andan kay. Anpil tir.

    12 07 2022 What’s App Olès

    Toujou anpil lapli isit. Sa koz toujou gen anpèchman poin komanse travay.

    10 07 2022 What’s App Olès

    Wi sel Josué ki fini avek sekondè. Men nou te diskite konpòtman pa enteresan plis fèb mwayen.  tout sa ki gen 18 ane yo yo tap chwazi yon pwofesyon. Pliske gen ekòl pwofesyonel nan bouk la konsa nou tap Kenbe yo pou yo gen pwofesyon avan nou ranvwaye yo.

    07 07 2022 What’s App Olès

    Samdi dènye teknisyen Natkom yo te vin enstale entènèt la pou nou. Li pat fyab. Sa te mande pou nou te gen yon pi gwo aparèy pou mete nan gwo antèn yo gen nan bouk. William te ede nou nan sa. Lap byen fonksyone kounya. Se 80 US pa mwa. Myriam te ede nou ak premye aparèy yo. Li pwomèt lap eden peye a mwatye pa mwa.

  • 28 06 2022

        28 06 2022 Nan telefòn avèk Olès

    • Tout  timoun ak granmoun yo anfòm. Tout moun gentan nan vakans, sèlman Josuë. L’ap fè dènye egzamen li 1e Jiyè. Li nan SNIV (Filo), ki  se dènye ane lekòl li pou li gen aksè nan ansèyman siperyè.
    • Sitiyasyon an nan peyi Dayiti pa bon ditou, men sanble ke gen yon van lespwa k’ap soufle. Yo nome ansyen prezidan Aristide gouvènè, se vre ke se etranje yo ki fè sa. Nou espere ke li gen ase libète ak manèv pou li fè peyi a soti nan sitiyasyon tèrib ke li twouve l’ ladan jodia. Genyen yon gwo pwobablite pou l’ metrize bann yo, paske gen yon bon kantite nan yo ki se patizan li. Yo te deja eksprime piblikman sipò yo sou pwomès ke yo fè sou Aristide la. Yo te konsidere ke li kapab mete lapè epi òganize eleksyon nan yon delè limite ki se de zan. Li vle konsantre l’ pou l’ fè tout ensekite disparèt.
    • Jèn mesye dam yo k’ap etidye Gonayiv yo anfòm. Ilianette, Wilken ak Ronaldo te vini Sen Michèl nan antèman Man Jean Baptiste (Niès Olès la ki te vin abite nan òfelina depi nan kòmansman pandemi an). Nou te vin pran konsyans ke sèlman premye ane etid sa pa t’ kont, pou yo kapab jwenn yon sètifika oubyen yon diplòm. Yo ta dwe etidye ankò yonn oubyen twa zan. Fas ak sitiyasyon finansye nou, Olès pral ransenye pou li wè sa ki posib. Byen si se sèl etidyan ki reyisi, si gen posiblite k’ap ka kontinye etid yo.
    • Jèn yo ki fini lekòl yo ane sa, ap kapab suiv yon fòmasyon sou karelaj, vit, enfòmatik, plonbri, enfimye elatriye... sa konsène ni fi ni gason.
    • Olès te òganize yon reyinyon avèk timoun ki pi gran yo sou konpòtman yo. Men pa sa chanje anyen. Yo toujou ap pale de kòb yo a ki se 1.000 dola ke w’ap resevwa lè yo kite òfelina a. Se poutèt sa yo pa gen okenn motivasyon. Komite direksyon an ( Frans ladann tou) deside pou yo retire avantaj sa depi jodia. Men tou, Nou kapab bay lajan sa ak moun ki merite l’.
    • Nou te mande jèn yo kòman yo wè avni yo epi kisa yo ta renmen pran kòm metye manyèl nan bouk la, pyès moun poko reponn.
    • Santiman ensekirite a kòmanse atenn òfelina a. Olès deja resevwa plizyè apèl menasan nan telefòn. Se pa yon sèl moun k’ap fè sa men kanmen sa pote enkyetid.
    • Depi yon mwa, lapli ap tonbe san rete. Sezon lapli a kòmanse an reta. Nan moman sezon nòmal, se ant mwa Avril ak mwa me. Sa ki te rive, se tè a ki te tèlman sèk nou pa t’ kapab raboure li. Men kounye a li vin tèlman gen labou pasi pala, ke tout teren an vin inonde. Konsa nou vin bezwen menm 5 a 6 jou bon solèy pou nou kapab kòmanse travay nan jaden an.
    • Yon lòt kote lapli a bay yon gwo avantaj: Vin genyen plis nouvo zèb pou bèt yo.
    • Caleb se sèl benevòl (sou twa timoun) k’ap kontinye pran swen bèt yo.
    • Tout pousyè te soti nèt nan Sent An, li vin bèl.
    • Yo reprimande ak fòs sitou seksyon gason yo nan Sen Franswa paske yo pa janm netwaye l’ apre yo fin sèvi. Epoutan genyen ase dlo pou flòch twalèt.
    • Olès kapab enskri pou pi piti 5 nouvo timoun. Si ap gen plis ke 5 jèn k’ap pati, l’ap kapab konplete gwoup la, jiskaske li rive nan 30.     
  • 17 05 2022

       17 05 2022 Nan telefòn avèk Olès

    • Tout moun anfòm. Depi apre vizit la kay doktè a, Olès vin santi mwens doulè nan kou a, men li rete toujou rèd.
    • Lavi a vin tèribman chè, menm Sen Michèl moun prèske paka jwenn anyen.
    • Genyen 2 gwoup bandi ki pran pouvwa a nan peyi a. Yo t’al kontre kòn yo nan zòn laplèn yo nan Pòtoprens. Yo konn goumen tou tanzantan nan sant vil la, men konba sa yo pa konsène sitwayen yo. Yo pa janm pale de eleksyon. Politik la pèdi tout krediblite li konsa li vin konsidere tankou yo move bagay.
    • 5 etidyan gonayiv yo ap travay di. Erezman yo pa twò sibi enkonvenyan yo pou jan peyi a ap dejenere la. Men pou yo menm tou tout bagay vin pi chè menm transpò a tou li vin ra. Premye semès la fini epi dezyèm sesyon an deja kòmanse. Pa te genyen egzamen. Yo gen pou yo fè egzamen nan fen ane akademik la. Depans pou yo tout 5 la monte an total 75.000 goud pa mwa (650 ewo). Malerezman se pa fini. Y’ap gen bezwen materyèl tou. Nou te panse ke etid yo t’ap dire en nan men jiska prezan, bagay yo poko fin klè. Olès ap pran enfòmasyon sou sa.
    • Olès ta renmen reevalye sitiyasyon etidyan yo. Oubyen nou te kapab di yon planifikasyon sou sa ki konsène avni pi gran yo jodia. Nou pa gen mwayen pou nou peye yon etid ki genyen yon dire ki long, kòm tou yo pa bay garanti pou jwenn yon travay konvenab. Olès gen entansyon pou li chèche konnen si pa gen posiblite pou aprann yon metye nan bouk la. Se sitou paske pi gran yo pa montre bon kote yo. Se pou rezon sa li pral planifye pa twò lontan la yon rankont ak pi gran yo pou l’ kapab analize motivasyon yo, paske yo pa bay moun ankourajman epi yo refize kolabore.
    • Nou nan sechrès toujou an Ayiti. Nou poko ka kòmanse ak travay nan jaden yo. Se paske pa genyen anpil lapli ki tonbe. Apre sa vin gen gaz la ki ra, konsa traktè yo nan bouk la paka jwenn gaz pou yo fonksyone. Epi tou nou paka itilize bèf pou charite paske tè a twò sèk l’ap difisil pou dan chari a antre ladan.
    • Pè a te pale avèk Olès de moso tè ke nou te lwe pa pawas la. Li swete ke 6,5 kawo tè (8,40 ekta) ke nou lwe a, nou echanje yon kawo kont 7 kawo ki twouve l’ nan lòt kote a. Tè sa ka fè bon rekòt tou epi nou pa bezwen peye anplis pou rès 7 ane ki rete yo. Kawo tè sa se pou yon òganizasyon k’ap travay pou pawas la. Frans tou mete yo an gad pou di ke se yon modifikasyon nan kontra nou an, li aksepte men fòk nou ta redije yon nouvo kontra.
    • Bòs la te kòmanse reevalye travay yo nan Sen Jozèf. Devi a ki te fèt depi ane pase dwe refèt akoz lavi chè a. Olès pral negosye avèk li.     
  • 17 05 2022

    11 05 2022 What’s App Yanskian

    Okap tout bagay ap byen fonksyone. Men nan Pòtoprens jiska prezan gen moun k'ap dòmi sou Plas piblik oubyen ki ale an pwoven paske bandi anvayi zòn yo. Menn nan zòn bò Lakay mwen se gwo pwoblèm, deja gen 2 semèn lekòl pa ka ouvri, petèt yo ka pran chans ouvri pou rès semèn nan.

    08 05 2022 What’s App Olès

    Jodi-a se fèt Sen patron nou. Archange Michel.

    02 05 2022 What’s App Olès

    Mwen sou dezyèm komyon sab. Erezman mwen te gentan peye a lavans. Sab la gentan pi chè. Non sèlman pa gen sab gaz la vin pi chè.

    28 04 2022 What’s App Olès

    Lajan se 106.90 goud pou yon dola US. Nou 4600 us total 491 740 goud. Pri tout materyo yo monte. Se travay defèt ansyen twati-a ki pou fèt avan. Bòs Raymond malad. Se demen dye vle lap voye yon lòt bòs pou mw. Gen pwoblèm sab tou se Senrafayèl yo jwenn bon sab. Mw peye deja. Map tann.Nouvo pri pou yon kamyon sab la se 15000 goud. Mwen poko gen pri pou bouwèt gravye a.

  • 31 03 2022

    28 03 2022 What’s App Olès
    Nap kanpe ak boss Henry paske mesye pat entèrese pou aprann. Pafwa li vini San fè anyen.
    Pou sa mw anonsel se dènye mwa nap peyel. Si a lavni gen ki ta enterese na diskite sa ak li ankò.
     
    15 03 2022 What’s App Olès
    Kidnaping lan telman  nan moman yo. Tout moun pè ale la bank. Ni mw tou. Mwen poko chèche lajan fevriye jiskounya. Poum fonksyone ak pou peye anplwayè yo. Mw prete lajan an goud nan men Maçon poum remèt an US. Lap pran pasyans tann pou lèm ka chèche.
  • 03 03 2022

               03 03 2022 Dyalòg nan telefòn avèk Olès
    • Tout moun anfòm, se moman kanaval menm jan tankou peyi Bèljik epi tou se vakans.
    • Yo pa pale menm ankò de maladi kowora
    • Vin gen mwens barikad nan moman la nan peyi a. Men toujou gen kèk pa egzanp nan Kwadèboukè ak Gonayiv. Tout moun limite nan mouvman aktivite yo akoz kidnapin nan. Nan yon lopital, yo pran de doktè pandan yo t’ap fè konsiltasyon. Mèkredi pase, yo te kidnape yon jounalis ak tout madanm li, epi jodi a se direktè yon stasyon radyo yo pran. Olès enkyete anpil epi li espere ke yo pa kidnape jèn timoun nou yo nan òfelina.
    • Olès ak tout ekip li a ta renmen resevwa vizitè yo soti Bèljik, men se pa yon pi bon ide pou yon vwayaj ta fèt nan moman paske kidnapin nan rèd.
    • Nou poko gen nouvèl pou n’ konnen kilè l’ap posib pou fè eleksyon.
    • Milourdes ak Myrna kite òfelina pou yo abite nan moman Pòtoprens lakay fanmiy Olès yo. Sanble ke yo gen entansyon pou yo ale Sen Domeng.
    • Nerlande nan òfelina, se li k’ap pran swen Man Jean-Baptiste, yon nyès Olès. Lajan pou jou pase yo ak pou peye Nerlande soti nan men pitit gason li, Gino, k’ap viv Ozetazini.
    • Senk jèn yo k’ap etidye nan Gonayiv konn fè ti travay avan ak apre kou yo, pou yo patisipe nan kòb yo dwe bay pou etid yo. Yo tout anfòm.
    • Pou elvaj la sa pa twò byen mache akòz pa gen anpil manje. Sa fè depi lontan epi jiskounye a nou toujou nan sechrès.
    • Nou te touye pi gwo ansyen towo bèf la paske li te tonbe, epi tou li pa t’ ka rive rekanpe.
    • Jèn ti bèf la pa twò pimal pou kounye a.
    • Rekòt pwa kongo a te bon. Men nou ta dwe fè yo bat li epi vannen li. Apre sa n’ap mete pwodui nan yo pou yo pa kale bèt.
    • Aktivite jaden yo ap kòmanse nan fen mwa mas, kòmansman Avril.
    • Yanskian di l’ap akonpanye jèn yo ki pa fè mwayèn yo pou ankouraje yo.     

Pages