Ayiti
Ayiti, ke yo rele ofisyèlman repiblik d'Ayiti, trouve l’ alès kiba. Kapital li se Pòtoprens. Ayiti se yon peyi ki trouve l’ sou pati lwès il Hispaniola a, nan lanmè karayib la. Li pataje il sa avèk repiblik dominikèn, ki separe avèk yon fontyè ki mezire 275 kilomèt alès.
Ayiti trouve’l nan Amerik santral, sou yon il ke yo te rele Ispanyola. Se te kristòf kolon ki te ba li non sa, lè li te debake nan peyi sa le 6 desanm 1492 pandan li t’ap dekouvri Amerik. il sa vin separe an de. Li genyen repiblik d’Ayiti avèk repiblik Dominikèn. Pòtoprens se Kapital peyi d’Ayiti. Peyi sa gen plis pase 9 milyon moun k’ap viv ladan l’. pi fò nan yo se moun nwa. Yo soti nan peyi l’Afrik ke kolon yo te Mennen vin travay latè tankou esklav.