Osjosma
Orphelinat Saint-Joseph Ouvrier de Saint-Michel de l’Attalaye
Ayiti se peyi ki pi pòv nan kontinan ameriken an.
Genyen moun ki pa manje plis ke yon fwa pa jou. Se pa fasil pou jwenn vyann nan manje yo.
Yon bon kantite timoun pa ka ale lekòl paske paran yo pa ka peye lekòl la pou yo. Tout fwa, ansèyman tou, li pa gratis menm jan tankou lakay nou. Se menm bagay la tou pou swen lasante. Se poutèt sa anpil moun mouri avèk maladi ki fasil pou geri. Se konsa tou anpil timoun vin twouve yo san papa san manman, epi tou yo vin ap okipe pròp tèt yo lè yo kòmanse jèn timoun.
Kòman pwojè nou sa vin mete sou pye ?
Nan lane 1993, Frans ak Rien ki soti nan Opglabbeek te adopte de timoun peyi Dayiti. Fanmiy yo te vin gen senk timoun si n’ap konte Bert, Anne ak Pieter ki se pitit zantray yo. Nan ane sa, Koen te gen senk an epi Sofie de zan. An Ayiti yo te gen menm manman ak menm papa. Paran yo ap viv toujou. Nou kapab di Koen ak sofie se te de timoun abandone. Manman yo ak papa yo te espere ke yo te kapab jwenn yon pi bon avni nan fanmiy ki te adopte yo a.
Nan lane 2011, Frans te pati avèk Koen pou jwenn rasin fanmiy timoun adopte yo. Bert, li menm tou, li te patisipe nan vwayaj sa. Yo te jwenn ni manman ni papa Koen ak Sofie.
Se nan menm okazyon sa, yo te rankontre Olès Etienne ki te mande Frans pou l’ kapab ede l’ ak popilasyon pòv sa. Frans te fè yon chwa ki se « fè yon bagay »pou anpil òfelen ki toujou twouve nan lari a. Piti piti refleksyon sa yo vin abouti sou konstriksyon yon òfelina.
Pou nou jwenn lajan ke n’ap bezwen, Frans te resevwa èd nan men plizyè kontak. Anpli lekòl te òganize yonn oubyen plizyè pwogram padan Lavan oubyen Karèm. Tout premye kominyan yo fè ekonomi sou pri fèt yo a. Moun k’ap konfime chante kòm gwo atis. Plizyè dizèn asosyasyon ak plizyè pawas òganize aktivite pou yon rezon valab.
Ki kote nou ye pou kounye a ak òfelina a ?
10 Septanm 2006, premye timoun yo, nou te pran yo nan katye yo.
Pou kounye a (nan mwa desanb 2019 sa) nou gen 32 timoun ki gen laj soti 6 tran jiska 22 tan ki rete nan òfelina a, se 13 fi ak 19 gason.
Nan premye kay la, Sen Jozèf, li genyen ladan de chanm, yonn pou tifi yo, yonn pou tigason yo. Nan prensip pa nou y’ap ret la jis lè yo gen 14 zan.
Kay prensipal la se yon ansanm pyès fèmen avèk yon pòt devan epi yon pòt dèyè.
Nan pati anba a, li genyen yon ti refektwa, yon salon, yon biwo pou direktè a, yon pyès ki ka sèvi pou tout bagay (twous premye swen ak famasi, machin pou koud,…) nan etaj la genyen yon chanm pou yon edikatè. Misou dòmi nan chanm tifi yo : Li pan swen timoun piti yo epi li entèvni nan ka si ta gen yon timoun ki malad pandan lanuit.
Nan kay sa tou w’ap jwenn lakizin prensipal la. Tout timoun yo manje ansanm ni jèn timoun ki nan kay Sen Franswa a tou.
Sen Franswa se dezyèm kay la. Se li menm ki pi gwo. Apre apatman direktè a, li genyen ladan kenz chanm. Dis nan chanm sa yo gentan gen jèn timoun ki gen plis ke 15 zan ki abite nan yo. Yo domi a de, ti medam yo nan lèl dwat la, nan premye etaj la, epi ti mesye yo nan pati anba kay la. Chanm yo ki twouve yo anba apatman direktè a, yo la pou plizyè sèvis.genyen yon enfimri, ansanm ak yon pyès ki gen machin pou koud. Nou kapab di nou gen de chanm pou resevwa etranje, pa egzanp zanmi vwayaj Papi Frans ki konn vini pandan de fwa chak ane.
Sou dal la genyen pano solèy k’ap pwodui kouran nan tou lè de kay yo. Nan kay sa genyen tou yon lakizin epi douch ak twalèt. Koulwa yo gen bèl lajè, se sa ki pèmèt nou mete gwo gwo tab bèl longè, a chak fwa n’ap òganize yon fèt, tankou ( lè moun ap fete, kominyon, …)
Kòman nou wè avni òfelina a ?
N’ap konstrui yon twazyèm kay, li rele Sen-Àn. Otorite yo pa vle pou timoun ki gen laj majè yo rete menm kote ak timoun piti yo. Sent-Àn ap genyen ladan dis chanm gen nèf ladan yo kap sèvi pou bay dizuit jèn abite.
Konsa, òfelina ap fonksyone ap twa group: pi piti yo (pou pi pli 20 timoun) ki abite nan kay Sen Josèf, adolesan yo (pou pi plis 20 timoun ankò) ki abite nan kay Sen Franswa epi jèn ki nan laj majè yo ki abite nan kay Sen-Àn nan jiskaske yo fini lekòl yo oubyen jiskaske yo kapab fonde pròp fanmiy pa yo.
Òfelina a ta renmen yon jou vin granmoun tèt li. Se poutèt sa nou achte anpil tè pou nou kapab plante. Otorite yo p’ap janm bay anyen pou w’ rete egziste. Tout bagay se donatè yo (donate bèljik yo) ki pou bay yo oubyen chèche mwayen pou w’ fè pwòp antre pa w’.
Gras yon proje klèb Rotary la (se klèb Rotary Genk Noord la an kolaborasyon ak klèb Rotary Mémorial de Gonaives la), nou vin avanse nan pwoblèm bezwen dlo nou a. Nou fin mete yon gwo basèn kote Sen Franswa pou nou kap kolekte dlo lapli a. Nan lakay ponp la nou vin mete yon enstalayon osmoz la pou nou kapab trete dlo a.
Se sitou ak èd de zami Belj nou yo, Jef ni Pierre, nou vin acheve enstalasyon elektrik la, tankou gestyon dlo a.
Gwo envèstisman ki enpòtan ankò
- Plis tè pou nou plante pou n’ byen pran swen timoun yo (plante legim, grenn, fui)
- Agrandi fèm nan avèk plis poul, karit, kochon
- Lòt aktivite pou jwenn lajan epi vin granmoun tèt nou - konsa nou komanse vann dlo trete a pou vwazin nou yo
Tout bagay ap byen jere pa Olès ki se direktè a avèk yo ekip ki gen 17 moun ladan. Nan mwa oktob denye 2019 sa nou vin engaje Yanskian Thélismond edikate en chef ni responsab teknik la. Li mem se men dwat direkte Papi Olès.
Bidjè a monte jiska 4.250 ewo pa mwa. Ladan chak ane nou ajoute yon minimòm anviwon 4.500 ewo epi salè chak ane pou direktè a ki la depi an 2019, ki monte jiska 3.000 dola us.
Nan moman kounya, ki pwòjè konkrè ki genyen ?
Jwenn anpil lajan pou reyalize pwojè nou yo.
Nou itilize bagay pi pa twò gwo pandan n’ap byen reflechi:
- Pou nou fini achte meub kay Sent-Àn nan
- Akselere sou otonomi OSJOSMA a (pandan n’ap achte lòt teren anplis)
- Pou nou achte yon nouvo taptap.