Provens Limbourg ede nou reyalize rèv nou : ki se yon kay kote nou gen bon jan lojman pou timoun nou yo.. http://www.limburg.be/
An Ayiti, konstriksyon nou yo solide epi yo dire. Si w’ap chèche sa ki bon epi ou ta renmen debarase w’ de tout sousi, ou mèt tcheke http://www.gijbels.be/
Byen vit, yon pakèt ti òganizasyon vin jwenn nou. Men nou vin gen yon lòt taktik, nou konnen kisa ki enpòtan pou yo chak. Ansanm n’ap konstwi avèk ni pou moun yo an Ayiti.
Jeannine ki soti nan Beleyr se yon flamand ki vin rete an Ayiti depi 25 kan nan vilaj nò nan Akil Samdi a. Li te kòmanse anpil pwojè pou abitan yo nan vilaj la. Li te aksepte pou l’ bay jèn animatè OSJOSMA yo fòmasyon ni animatè lakay sè Veronique yo tou.
Beni ak Anja ki soti nan Heusden-Destelbergen, te tire pwofi sou kat OSJOSMA a. se te premye vwayaj Beni an Ayiti nan mwa janvye 2011. Li te pran sa a kè epi li antre nan VZW OSJOSMA kòm manm nan konsèy administrasyon an. Li chèche anpil èd epi li òganize anpil sware pou bay enfòmasyon. Sit la se an neyèlandè sèlman li ye.
Maïté Mertens genyen yon group an antye ki antre nan VZW Timounaid la. Sa fè plizyè lane depi l’ap koopere nan acheminman èd Ayiti yo. VZW OSJOSMA nou an kapab konte sou li pou fè eskpètiz pou rekolt viv yo k’ap pase pa konntenè nan pwojè nou yo. Tit la an fransè.
Tout kont konsolide nou yo toujou pibliye an detay sou donorinfo.be, ki se premye sit entènèt an Bèljik ki pibliye yon enfòmasyon endepandan de bòn kalite sou tout aktivite epi mwayen finansye tout asosyasyon k’ap ede moun ki nan difikilte.
Pwen kontak ak apui 4èm pilye a founi enfòmasyon epi bay tout moun ki angaje yo san yo p’ap touche nan yon pwojè nan peyi ki nan sid yo konsèy. Asbl OSJOSMA a te antre ladan depi nan kreyasyon l’ paske nou kwè nan fòs tout ti asosyasyon endepandan. Mo kle a si nou ta vle di yon pi bon bagay se byenseyans antrepriz la, rapròchman l’ sou tout bezwen moun l’ap ede yo epi sou rediksyon depans yo.
Apelasyon "4èm pilye" a te reyalize nan yon etid ki te fèt nan Flandre pou yon ansanm inityativ kèk moun an patikilye te pran pou yo kapab ede tout pèp ki nan difikilte.
Wereld Missie Hulp se yon asosyasyon kretyèn ki pa gen objektif pou fè lajan k’ap resevwa rad yon fason pou yo ede moun nan peyi ki sou rout pou devlopman yo Yon pati nan rad sa yo al jwenn dirèkteman moun ki gen bezwen pou yo. Rès la menm yo revann yo, epi lajan an kontribye pou finanse pwojè Wereld Missie Hulp ap devlope nan lemond antye. Òfelina OSJOSMA ladan l’ tou.