Skip directly to content

2018 – Janviye

Vwayaj soti 5 pou rive 28 janvye 2018 la

Kat moun te patisipe nan vwayaj janvye 2018 la: Jef, Pierre, Jaak ak mwen menm. Se te yon vwayaj travay ki te prepare ak anpil swen. sPandan mwa oktòb 2017 la, nou te voye an Ayiti yon bon kantite materyo ki pral itilize pou fè plizyè kalite travay.

Objektif vwayaj la

Pandan vwayaj nan mwa mas 2017 la, Jef ak Pierre te fè yon envantè sou kantite travay ki ta dwe fèt nan ane 2018 la. Premye objektif la se te jwenn dlo epi kondui pou sèvi nan twa kay yo ki se, Sen Jozèf, Sen Franswa ak Sent-Àn ki poko konstui men ki kòmanse, men tout sa avèk yon sistèm ke nou ta dwe envante nou menm.
Avan menm vwayaj la, nou te gentan voye tout materyo yo, epi nou te fè konstui yon ti kay pou ponp, ki plase agoch dèyè kay Sen Franswa, menm kote dlo lapli desann tou pre ravin nan, dlo sa ki konn desann sou teren nou an lè lapli ap tonbe. 
Tou pre kay ponp sa nou te bay yon fim ayisyen pou fouye yon pi. Nou te panse (ni Olès tou) ke yo ta pral fouye l’. Men se te yon machin ke yo te vini avè l’ pou enstale yon pi. Yo te rive plis ke yon semèn an reta. Enjenyè ki te ansanm avèk yo a, t’ap vante tèt li pou di ke li kapab a 100 pou 100 jwenn dlo. Apre senk jou, li oblije bay vag epi konsyan ke li te twonpe. Li deplase machin nan sou teren nou an epi li re-eseye men sa pa t’ bay yon pi bon rezilta. Li te mande nou pou li eseye ankò tou pre ansyen pi a (sa ki te fouye a, ak premye ki te fouye deja), men nou te refize demand li a, yon fason pou nou evite pou nou pa pèdi nèt ti gout dlo zòn sa te konn bay deja. Si l’ fouye twòp sa ka pèfore nivo dlo a, k’ap fè nou pa jwenn dlo ditou.

Ekip twa mesye yo te reyalize pwogram yo a gras ak èd Yanskian epi kèk lòt ti mesye. Yo te enstale, nan kay ponp la, yo resèvwa kote pou dlo lapli a pase, ansanm ak tout ponp ki la pou voye dlo sa yo nan sis rezèvwa ak tout robinè ki plase nan lakizin yo, oubyen nan machin pou lave a yon fason pou yo fonksyone yonn apre lòt ak solisyon sa.
Twa mesye yo te twouve yon solisyon pwovizwa pou ansyen pi a pamdan yo mete sou li nouvo ponp la. Olès ansanm ak kèk nan ti mesye yo sa ki gen plis laj yo, te jwenn esplikasyon k’ap pèmèt yo manipile ponp la, pou yo fè li fonksyone avèk pridans de fwa pa jou. Konsa pi a ap ka bay anviron de fwa 200 lit dl opa jou, men se pa ase pou kantite dlo ke nou ka bezwen pou nou sèvi chak jou.

Nou plase tout espwa nou nan yon lòt posiblite pou nou kapab jwenn dlo nan men leta. Leta te fè yon kanalizasyon nan zòn nan. Pou kounye a moun ki vle dlo an prive poko ka jwenn tousuit. Olès pral eseye pou l’ kapab jwenn antan ke yon enstitisyon, si yo ka ba li aksè sa. Se sa ki ka rive, petèt ke nou kapab debarase nou de sousi sa. 

Kont-a-rann sa bay nou enpresyon ke pwoblèm pou nou ka jwenn dlo pou sèvi a ta vle bloke tout lòt travay. Nou dwe di nou tou ke ekip la te fè anpil lòt travay : mesye yo te repare tab ki deyò a ak ban an, epi yo tou fè yon lòt ban anplis, yo ranje tout pòt yo nan kay Sen Jozèf la ak de pòt nan kay sen Franswa nan stil ewopeèn. Yo te fè anpil chanjman nan enstalasyon elektrik la yon fason pou amelyore li epi sekirize li, yo te plase yon pakèt nouvo robinèt nan douch Sen Jozèf ak Sen Franswa yo, yon robinèt nan de lakizin yo, yonn deyò pou moun k’ap lave yo, yo te repare tout twalèt yo nan chanm pou dòmi nan Sen Jozèf yo ak anpli lòt bagay ankò. Epi genyen anpil materyo toujou pou yon lòt vwayaj.

Nou te fuistre anpil lè nou wè nou pa jwenn dlo. Rèv pou nou te reyalize yon bon enstalasyon idwolik pa t’ ka reyalize men nou pa t’ rete bwa kwaze epi nou toujou ap veye pou nou jwenn yon solisyon k’ap pèmèt nou rezoud pwoblèm jwenn dlo sa.

Fòk nou konnen tou ke pwojè kolaborasyon ak Ratary Club de Genk Nò a te gen anpil suivi. Mwen te patisipe avèk Olès nan yon reyinyon Rotary Club lokal. Gras ak efò nou epi pasyans nou, nou kapab anonse kèk semèn apre nou fin tounen, ke pwojè a definitivman apwouve pa club lokal la. Konsa Rotary Club Bèjik la kapab lanse yon apèl pou debloke kòb. Kòm nou te konnen sa deja premye entasyon yo te pwojte sou dlo. Pi gwo moso nan envèstisman yo ap konsantre sou yon gwo rezèvwa k’ap la pou resevwa dlo lapli nan kay Sen Franswa. Pandan vwayaj nou an, nou te gentan kòmanse ak travay preparasyon an pandan nou trase depi soti sou dal kay Sen Franswa yon fason pou nou mennen dlo à jous pa dèyè avèk kanal yo pou nou jwenn li nan zòn sa. Pandan vwayaj nou an, antreprenè a te kòmanse dezyèm faz travay sou konstriksyon Sent-An nan. Nou te jwenn lajan pou konstriksyon sa, se te gras ak èd pwovens Limbourg, se sa k'ap pèmèt nou fini gwo zèv sa ane sa.

Kontra a rann sou sejou a

Sou  demann ekip twa, nou te fokalize nou sou aktivite ki te pwograme yo. Timoun yo te gen chans pou yo profite yon jounen nan pisin nan Gonayiv, ki se yon aktivite anplis ke te t'al fè enspeksyon ki se te yon pwojè depi ane pase. Yo te byen amize yo. Piti tankou gran te byen pwofite dlo à epi solèy la.

Etat des lieux – OSJOSMA

Pwen ki pi enpòtan yo :
-      Jef te enspekte enstalasyon pano solèy yo ak tout batri yo ki te sanble pa te janm byen chaje depi mwa septanm. Li konstate key o andomaje men yo kapab sèvi ankò pou kèk tan (jiskaske nou jwenn lòt mwayen pou nou achte lòt nouvo batri), paske yo itilize yo avèk swen ak anpil prensip strik sou konsiy pou itilize yo a. Li te byen esplike Olès ak yon ekip twa jèn nan timoun yo kòman pou sèvi ak yo.
-      Sen Franswa vin byen fre epi byen repentire pa anndan.
-      Gras ak yon bon zanmi flaman, nou te kapab achte yon nouvo femèl bèf. Nou te espere pou ke manman bèf  nou an bay nou pitit. Daprè sa Olès di, sa pa enterese l’. Olès pwopoze pou nou vann li epi pou nou itilize kòb sa pou nou achte yonn ki pi jèn, si posib yon lòt manman bèf ankò.
-      Yanskian te itilize yon skelèt ke nou te ofri li, pou li dispanse yon kou pratik sou biyolji ak timoun ki pi gran yo.
-      Nan sezon otòn nan, nou te resevwa twa timoun : de sè yo ki se Islande ak Milanda ak yon ti gason ki rele Enelson. Milanda ak Enelson toujou fè wè yo, nou kapab di yo byen adapte yo.

 

Pwojè – OSJOSMA Òfelina

-      Pandan vwayaj nou an nou te resevwa ankò de timoun, Djeff ak Manoucheca, se te de dènye timoun nan yon fanmi ki gen uit timoun. Manman yo te abandone papa, sa gen 4 tran, aprè Manoucheca te vin fèt. Li ta viv nan yon mizè san parèy konsa li te oblije kat pi gran yo pou yo degaje yo pou kont yo. Gras ak èd mè yo, li te rive byen soti ak kat pi gran yo, mè yo te kontakte Olès pou yo mande li eske òfelina kapab resevwa yo. Mè yo te konn ba timoun yo depi yon bon moman manje ak rad epi ba yo chans pou yo kapab vin nan lekòl la gratis. Nou te fè yon eksepsyon pou de timoun sa ki pa òfelen paske mè yo toujou fè eksepsyon pou medam nou yo. Nan lekòl yo a, yo pa aksepte yon elèv double plis ke yon fwa. Si yo t’ap aplike règ sa, Ivette a Maudline pa t’ap jwenn okenn chans.

Pwojè – isi an Bèljik – asbl OSJOSMA

« Peyizan yo toujou ap raboure jaden yo. »    Antretan n’ap esye kontinye konvenk moun yo an bèljik yon fason pou yo toujou patisipe nan devlopman an, pa mwayen konsèy Nord-Sud la. Nou fè anpil rekòmandasyon nan komin yo yon fason pou nou jwenn mwayen yo. Nan règleman genyen paragraf ki mete latwoublay. Li te ekri ke yo kapab soutni yon pwojè pa plis ke senk an pou pi plis, epi nan yon lòt paragraf li mansyone ke yo pwojè ka pousuiv jiska otonomi. Deba a te fè sou tèm sa ki se ‘’projè’’ ki te entèprete yon fason dirèk. Mo pwojè a vle di sèlman voye bay ‘’lekòl’’ bay ‘dispozitif’, ede ‘enstitisyon’ yo, men se tou yon ansanm aktivite ki dwe abouti ak yon resilta. Se pou sa nou te debat sou kesyon otonomizasyon an : eske nou kapab mete ansam ‘’ede jiska otonomi’’ ak pwoblèm ki ka rive ak yon pwojè k’ap ede pa plis ke senk an. Nou te bay tèt nou dwa pou nou adrese nou ak echeven an ki la pou devlopman pou l’ kapab jwenn yon lòt entèpretasyon ki pi kòrèk epi tou nou te pale ak konsèy Nord-Sud pou li kapab jwenn yon lòt fòmil ki pi apwopriye.
Rezève depi kounye a nan dat 20 me. Dimanch lapannkot la, n’ap òganize douzyèm edisyon rankont chak ane nou an nan Opglabbeek (nan sal pawasyal renove Loweta a).
Nou deja pwograme pwochen vwayaj nan sezon ete a. Se nou kat k’ap vini, men nou pa p’ twò konsantre sou travay (konstriksyon yo)
Kenbe fèm